
فرمت MP3 • بالاترین وضوح صدا
فرمت MP3 • مناسب اینترنت ضعیفتر
ترانه و شعر با صدای Medjy
Oh, oh Gad kijan on moun anlè mesye! Bon, sa k gen la pou kè w gentan tout kontan sa? Tèt chaje
M awoyo Voye chèche lajwa, lapè Di yo m bezwen yo M awoyo Mwen mete de bèl chanm sou do kay la pou yo
M awoyo Mwen met ògèy ak ego sou bèl anbago M awoyo Di yo m chanje lavi mwen Kite m an repo
Padone mwen si w pa tande m Mwen te fè twòp tan ap viv yon vi ki pa vle m Pwoblèm mwen yo fè m neglije w Doulè mwen yo te twò wo pou mwen eksplike w Sorry, se pa valè m pa konprann valè w Men pou mwen ka byen M oblije travay sou mwen M awo, m awoyo
Lanmou Daprè sa mwen byen konprann Se pi bèl bagay nou genyen nan nou Men trè souvan l kache dèyè mal ki la yo tou Sa fè l difisil Pou kè yon moun nan priyorite w Lè pò w la pa la
M awoyo Voye chèche lajwa, lapè Di yo m bezwen yo M awoyo Mwen mete de bèl chanm sou do kay la pou yo
M awoyo Mwen met ògèy ak ego sou bèl anbago (m awoyo) M awoyo Di yo m chanje lavi mwen Kite m an repo (m awoyo)
M awoyo M awoyo M awoyo M awoyo M awoyo M awoyo M awoyo
Si w pa ta la, si w pa ta la, adje (Bondye) Bondye, m ap respekte chwa ou Moun sa w ban m la, moun sa w ban m la, sa vre M ape pran swen l pou ou
Jou n pa ta, jou n pa ta la, sa vle Di lanmò fè n on move kou Kounya nou la, ban m pwofite gate w (m awoyo)
Pa menm gen deba sou kijan w vin jwenn mwen En très mauvais état Ou wè, nan fon kè m, m te gen bon, ou tou ret la (m awoyo) Malgre m te non tou, ou kenbe men mwen, men mwen Ou rale mwen monte, nou goumen, nou sove pita Ann soti a pitit nou, annou selebre sa Mwen fin awoyo, mèsi pou sa
Si w pa ta la, si w pa ta la, adje
(M awoyo) cheri En, de, twa mil mèsi E sa pa menm sifi Pou sa ou fè nan vi m
Wo-oh, cheri En, de, twa mil mèsi E sa pa menm sifi Pou sa ou fè nan vi m
M awoyo
دیگر آثار شنیدنی از Medjy